Anviwon 10 prezime bandi ki fè pati yon gang nan depatman Grandans pran bwa kale.
Nan Kad yon operasyon ki mennen jodi dimanch 11 dawout 2024 la nan lokalite Boudon, dèzyèm seksyon kominal Ansdeno, divès manm gwoup ame sa ki gen nan tèt li Mosly Lindor jwenn lanmò yo.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, yon dizèn kay ak 2 gagè ki te sou kontwòl prezime malfra sa yo pase anba dife.
Se Lapolis nan tèt kole avèk otorite lokal yo ansanm manm Popilasyon an ki demantle fwaye gang sa. Pou kounya fòs lòd yo ap chache chèf gang sa ki se Mosly Lindor ki nan kache.
Chèf Polis Grandans lan, Frantz St-Armand, fè konnen rejyon pap sèvi kachèt pou kras bandi pandanl mande Popilasyon an kolabore avèl pou travay la kapab bay plis rezilta.
Se radyo tele Karayib ki rapòte enfòmasyon an nan Kad yon bilten espesyal jodi diman 11 dawout la.
0 Commentaire