Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

PNH la ak lòt fòs yo lanse gwo Operasyon nan plizyè zòn nan Laplèn nan

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ak sipò Fòs Espesyalize GSF la, lanse jodi lendi 2 novanm 2026 la yon gwo operasyon nan plizyè zòn nan Plèn Kil de Sak la.

Operasyon sa a gen objektif pou elimine pòs peyaj ke bandi yo mete, kwape tantativ kidnapin ak tout lòt fòm malvèsasyon popilasyon an ap sibi anba men bandi teworis yo nan Plèn nan.

news-details

Selon enfòmasyon ki disponib, operasyon an ap dewoule aktyèlman nan zòn Kafou Chada, Pon Kwadèmisyon ak Santo 17. Wo Kòmandman PNH la mobilize plizyè machin blende pou soutni deplwaman inite ki angaje sou teren an.

Imaj ki pataje pa PNH la montre blende yo ap sikile nan Kafou Chada epi inite espesyalize yo andedan blende yo, pare pou entèvansyon.

Nan yon kominike, PNH la reyafime detèminasyon li pou kontinye operasyon sa yo, travay pou retabli sekirite nan zòn ki anba menas bandi yo epi pwoteje lavi ak byen popilasyon an.

Operasyon an ap kontinye, n ap swiv evolisyon sitiyasyon an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire