Le Placentin
<
Flash
news-details
Santé

Ayiti/Lasante: 18 lopital oblije fèmen pòt yo nan Pòtoprens

Sekretè jeneral Asosyasyon Medikal Ayisyèn nan eksprime enkyetid li, pou fason bandi ak zam atake anpil Lopital nan divès rejyon nan depatman Lwès la.

Yon total 18 lopital pami yo Lopital Jeneral avèk Sanatoryòm fèmen pòt yo. Selon Doktè Ardouin Louis Charles bandi yo piye anpil lopital, yo kraze anpil materyèl, menase lavi doktè; sa ki vini rann travay la difisil e ki lakoz sant yo oblije kanpe travay alòske se chak jou moun ap pran bal nan lari Pòtoprens.

news-details

Nan jounal Premye Okazyon, jodi madi 26 fevriye 2024 la, doktè Ardouin Louis Charles mande bandi yo yon chans pou ki te Lopital yo fonksyone paske tout kouch moun nan sosyete a bezwen swen sante.

Menm famasi yo pa epanye anba atak sa yo.

Nap raple w, direktè Lopital Jeneral la ki se doktè Jude Milcé te anonse yo pral tante reprann sèvis nan dat premye avril kap vini la. Pi gwo Lopital peyi a te fèmen pòt li akoz afwontman ki te genyen ant lapolis avèk bandi nan ri Sen Onore.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire