Yon lòt trajedi boulvèse zòn Delma 95 kote yon jenn tifi 14 lane, ki rele Fédora Vitté, pèdi lavi li apre li te resevwa bal nan men yon polisye, dapre temwayaj plizyè moun nan katye a ak manman viktim nan.
Daprè enfòmasyon ki rasanble sou plas, te gen yon fèt k ap òganize nan zòn lan lè yon fil kouran vin dekole. Se nan kontèks sa a yon polisye parèt epi li mande kiyès ki te koupe fil la. Manman Fédora eseye esplike sa ki te pase a, men selon temwen yo, polisye a pouse manman an britalman, malgre li gen pwoblèm nan pye e li konn mache ak beki, daprè enfòmasyon platfòm Info Partages rapòte.
Fédora, ki te la, entèvni pou mande polisye a pa pouse manman li, li raple li ke manman an malad. Se nan moman sa a, dapre temwayaj yo, polisye a rale zam li epi li tire. Jenn tifi a resevwa bal la nan pwatrin, yon bal ki, selon moun ki te la yo, touche kè li.
Viktim nan te transpòte an ijans lopital, akonpaye de manman li, men li rann dènye souf li avan li jwenn swen ki te ka sove lavi li.
Ka sa a pwovoke gwo endiyasyon ak chòk nan mitan rezidan Delma 95 yo, ki denonse itilizasyon fòs san mezi kont sitwayen sivil, sitou kont yon timoun. Jiska prezan, pa gen okenn kominikasyon ofisyèl ki soti ni bò Lapolis Nasyonal d Ayiti ni bò otorite jidisyè yo sou dosye sa a.
Plizyè vwa ap leve pou mande lajistis, yon ankèt serye ak sanksyon kont responsab la, pandan fanmi viktim nan ap plonje nan doulè apre pèt brital jenn Fédora Vitté.
Nap raple, nan aprè midi 1er janvye 2026 la, nan Delma 40 A, Nelson Prud’homme alias "Black Nénèl" ki sòti nan 25e pwomosyon polis la te akize nan lanmò 2 moun pami yo yon dam paske sou kamyon yo te ye a te kase yon fil kouran ki alimante enèji nan biznis yo.
0 Commentaire