Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Ayiti/Sòsèlri: moun ap tonbe, moun ap disparèt pa pil e pa makòn nan komin Lazil

Nan Lazil, yon sitiyasyon grav ap devlope depi mwa jiyè 2025 kote plizyè jèn moun, ant 20 ak 30 lane, ap pèdi lavi yo nan kondisyon misterye. Lafyèv entans ansanm ak lòt maladi san eksplikasyon ap touye anpil moun pandan anpil lòt senpleman disparèt san tras. Sitiyasyon an vin pi enkyetan nan dezyèm seksyon kominal la, kote pèp la gen yon gwo krent pou sòti lannwit, paske menm aktivite sosyal tankou match foutbòl tounen yon risk pou lavi yo.

Jounalis Jephté Volcy, ki te bay temwayaj li nan mikwo Assad Volcy, fè konnen ke depi aprè 6 è nan aswè, pèsonn pa pran chans sòti nan kay li akoz yon krent ki genyen pou disparisyon moun ki gen rapò ak sosyete sekrè ak pratik sòsèlri nan zòn nan. Li rapòte ke anpil moun disparèt oswa mouri san rive lopital, sa ki montre gravite sitiyasyon an. Daprè li, yon pelerinaj ak rasanbleman chanpwèl ki te fèt pa ougan 7 kòtèj nan lokalite a te lakòz fenomèn sa.

news-details

Toujou daprè Jephté, gen akizasyon grav kont kèk ougan 7 kòtèj ki ta vann yon pati nan dezyèm seksyon kominal Lazil la ansanm ak gwoup chanpwèl nan Baradè, e se gwoup sa yo k ap pran moun yo. Fenomèn sa kreye yon atmosfè pè nan kominote a.

Kesyon ke nou ka poze se: èske pa gen gwo enkyetid tou sou si sa k rive a limite sèlman nan sòsèlri, oswa si gen lòt faktè kache dèyè tankou trafik moun oubyen trafik ògàn?

Jèn jounalis la mande yon repons ijan ak efikas nan men otorite leta pou pwoteje lavi popilasyon an. Malgre sitiyasyon an grav, jiska prezan pa gen okenn aksyon konkrè ki pran pou mete fen nan menas sa yo. Finalman, daprè sous li, sitiyasyon an pa sèlman limite nan Lazil; yon lòt lokalite nan Bouzi ap sibi menm menas ak fenomèn disparisyon moun ak lanmò misterye. Kominote yo mande yon entèvansyon rapid, solidè ak soutni, paske lavi anpil moun depann de yon repons imedya ak pwofon nan men leta ak tout aktè ki konsène.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire


0 Commentaire