Le Placentin
<
Flash
news-details
Santé

Ijans: MSPP konfiske epi sezi nan vil Wanament plizyè pochèt SAN ki kontaminen ak viris maladi SIDA ak viris maladi Epatit B

Nan yon kominike ki rann piblik jodi jedi 25 oktòb 2023, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) enfòme popilasyon an li konfiske epi sezi nan vil Wanament plizyè pochèt SAN. Pòchèt SAN sa yo pa soti ni teste nan okenn pòs ak sant transfizyon Pwogram Nasyonal Sekirite Transfizyonel Ministè a (PNST / MSPP), ki se sel enstans ki gen kalite ak konpetans pou jere SAN nan peyi a. Apre tès ak analiz sou pochèt SAN yo genyen ki kontaminen ak viris maladi SIDA ak viris maladi Epatit B.

Fas ak sitiyasyon sa a Ministè ya ap raple tout moun, pèsonn pa gen dwa ni achte ni resevwa SAN oubyen pwodwi yo fèt ak SAN ki soti nan lòt peyi, tankou:

news-details

1. SAN 2. Globil wouj 3. Plakèt 4. Plasma oubyen Kriyopresipite

Pou fini, Ministè a mande Popilasyon an poul plis veyatif epi egzije pèsonèl kap bay swen nan lopital yo byen verifye SAN ak pwodwi yo fe ak SAN yap bay malad yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire