Enspektè nan Depatman Biznis ak Reglemantasyon Pwofesyonèl nan Florid (ETAZINI) te fèmen 14 restoran pandan semèn pase a akoz gwo pwoblèm ijyèn.
Dapre rapò enspeksyon an, senk nan restoran sa yo te nan yon sitiyasyon grav kote yo jwenn rat ak ravèt ap sikile nan espas preparasyon manje yo.
Nan Miami, restoran « La Fourchette » pa egzanp, te oblije fèmen aprè enspektè yo jwenn yon rat vivan anndan yon fou, yon lòt nan mi, ansanm ak anpil lòt salte gaye nan espas la. Menm sitiyasyon an rive nan Wonder Wok Chinese Restaurant ak Bruno’s Bakery ki nan Miami Gardens, kote yo jwenn twalèt rat toupre kote yo estoke ak prepare manje.
Nan restoran 1804 Bread nan Miami, enspektè yo rapòte yo te jwenn rat mouri ansanm ak ravèt vivan. Pou Brandon Asian Cuisine nan Davie, yo te dekouvri rat vivan ak ravèt nan kwizin ak nan depo manje a.
Lis restoran yo ki te afekte yo gen ladan yo Naked Taco, Denny’s, McDonald’s, Cacique Lunch, Monserrate Restaurante, McSorley’s Beach Pub, ak Rocca Trattoria Italian.
Apre enspeksyon ak òdonans netwayaj ki te fèt, otorite yo pèmèt restoran sa yo relouvri, men sèlman aprè yo te fin reyalize yon lòt enspeksyon pou verifye kondisyon ijyèn yo.
Sitiyasyon sa a mete yon lòt fwa ankò aksan sou nesesite pou restoran yo respekte strik règleman ijyèn ak sekirite alimantè, pou pwoteje lasante kliyan yo.
1 Commentaire