Nan yon avi ki pote siyati Direksyon Kòmèsyal ak Maketin, vandredi 17 fevriye 2023 an, Lotri Leta Ayisyen raple tout amatè bòlèt tarif tiraj yo ak pwofite di l pa rekonèt 3 nouvo tiraj sou teritwa nasyonal la.
Sèl enstans ki la pou regle tout jwèt aza nan peyi an raple pwopriyetè ak responsab bòlèt yo tarif tiraj la se 50, 20, 10.
Nan menm nòt sila, Lotri Leta Ayisyen fè konnen l pa rekonèt tiraj Georgia, Texas ak Turnisie ban peyi an.
Pou fini, li fè konnen gwo sanksyon ap pran kont nenpòt pwopriyetè ak responsab ki ta vyole lwa sa.
0 Commentaire