Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon jounen panik nan Komin Kafou

Komin Kafou leve anba presyon nèg ak zam, byen bonè nan maten Mèkredi 15 Me 2024 sa.

Depi nan lè 10h, kèk manm popilasyon an te remake prezans nèg ak gwo zam kap sikile abò gwo machin osinon moto nan divès zòn komin lan.

news-details

Selon temwayaj abitan yo, anpil kout bal tap chante nan zòn Waney 87, endividi yo pase plizyè lekòl pou fòse responsab yo fèmen pòt yo, magazen, bank fèmen, tout aktivite yo sanse paralize.

Pou kounya la, sitiyasyon an pa twò konplike men, nou dwe rete vigilan paske se mèt kò ki veye kò.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire